Konbit Development https://konbitdev.com Sat, 26 Apr 2025 20:40:09 +0000 en-US hourly 1 https://wordpress.org/?v=6.8 https://konbitdev.com/wp-content/uploads/2024/10/Logo-150x150.png Konbit Development https://konbitdev.com 32 32 Lavi Dyaspora: Sa Yo Pa Di’w Sou Lavi Ozetazini https://konbitdev.com/lavi-dyaspora-sa-yo-pa-diw-sou-lavi-ozetazini/ Thu, 17 Oct 2024 13:34:11 +0000 https://konbitdev.com/?p=39

Lè’w ap viv Ayiti, ou ka panse Lavi Ozetazini se tankou sinema: bèl machin, gwo kay, ak lajan fasil. Men, reyalite a souvan pi konplike. Ann pale sou sa yo pa janm di’w…

1. Lajan pa tonbe nan syèl, menm si w ap travay

Travay pa janm sifi pou w viv “alèz” si w pa jere kò w byen.
— Fòk ou travay anpil èdtan pou peye lwaye, asirans, manje, ak bòdwo.
— Gen moun ki travay de (2) a twa (3) shift, men yo pa gen tan pou yo jwi lajan an.
— Ozetazini, si’w pa planifye, ou ka toujou santi w ke ou pap pwogrese tandike se ou kap kraze kò’w.

2. Ou konn santi w poukont ou menm si’w chaje moun nan antouraj ou

Lakay depi kòk chante, leve’w leve zafè pa gen moun nan antouraj ou enposib. Depi’w pwoche baryè a sèlman tout moun sou pale tout koze.

Men Ozetazini, gen yon moman kap rive solitid la gen pou frape’w fò, se komansman nostalji a.
— Ou pa gen zanmi, ou pa gen fanmi, tout moun sou wout yo ap jere pen kotidyen yo
— Kominote Ayisyen yo la, men li pran tan pou w entegre.

3. Fòk ou apwann anpil bagay trè vit

Tout bagay diferan de Ayiti.
— Ou bezwen konprann sistèm nan: lang angle, lwa, taks, sèvis sante, tanspotasyon ak edikasyon.
— Ozetazini, ou fè tout bagay pou tèt ou tankou mete gaz nan machin ou, fè taks, peye tout bil sou entènèt.
— Si’w pa apwann vit, w’ap toujou pèdi tan ak lajan. E sistèm lan kreye pou sa.

4. Si’w pa gen papye, lavi a vin pi red toujou

— Wap nan difikilte pou jwenn bon travay.
— Ou pap gen asirans sante.
— Wap toujou ap viv ak kè sote, sa ap lakoz anpil perèz ak strès
— Pou’w jwenn yon bwas w’ap souvan oblije fè travay “anba tab” ki pa peye ase.

5. Gen lòt fason moun fè lajan nan dyaspora

Tout kote’w gade se biznis, men genyen ke’w ka fè san pwoblèm tankou:
— Uber, DoorDash, Amazon Flex, Ti Biznis Sou entènèt, okipe timoun oswa yon personaj, eksetera.
— Sa yo mande anpil sakrifis mè posib si’w detemine e vweman gen volonte a wap manje kant menm.

6. Sakrifis yo se pou fanmi ak lakay

Se pa tout moun ki Ozetazini paske yo vle — se souvan pou fanmi.
— Yo voye lajan bay manman, papa, pitit, frè ak sè.
— Yo pa janm bliye kote yo soti.
— Se espwa ak lanmou ki kenbe yo kanpe chak jou.

Konklizyon:

Lavi dyaspora a se pa tout bèl limyè ak bèl rad tankou nou toujou wè l nan televizyon. Tankou nou toujou di, tout se foulay.

Li gen soufrans, li gen solitid, li gen leson.

Men si’w prepare’w byen, si’w kenbe tèt ou dwat, ou ka reyalize rèv ou.

Pa kite imajinasyon Facebook fè w panse se paradi. Lavi a se batay, men li vo lapèn.

]]>
39
Ki jan pou’w retire tèt ou nan dèt: Gid pratik pou kòmanse https://konbitdev.com/ki-jan-pouw-retire-tet-ou-nan-det-gid-pratik-pou-komanse/ Thu, 17 Oct 2024 00:21:12 +0000 https://konbitdev.com/?p=26 1. Fè yon Evalyasyon Finansye
  • Rasanble enfòmasyon: Rasanble tout dokiman finansye ou, ki gen ladan bòdwo, kat kredi, ak prè.
  • Fè yon lis: Ekri tout dèt ou yo ak kantite lajan yo, to enterè yo, ak dat limit pou peye.

2. Kreye yon Bidjè

  • Analize depans yo: Gade nan depans ou yo epi idantifye sa ki nesesè ak sa ki pa nesesè.
  • Estime revni: Fè yon lis tout sous revni ou yo.
  • Fè yon bidjè: Deside konbyen lajan ou ka peye chak mwa pou dèt ou.

3. Fè yon Plan Peman

  • Priyorize dèt yo: Chwazi si ou vle sèvi ak metòd “sèvo” (paye dèt ki gen pi ba balans yo premye) oswa “piramid” (paye dèt ki gen pi gwo enterè yo premye).
  • Fè peman plis: Si ou ka, fè peman ki pi wo pase minimòm lan pou diminye enterè total ou peye.

4. Konsidere Konsolidasyon Dèt

  • Konsolidasyon prè: Si ou gen plizyè dèt, konsidere pran yon prè konsolidasyon pou regroupe yo nan yon sèl prè ak yon to enterè ki pi ba.
  • Kat kredi ak ofri balans transfè: Tcheke si ou ka transfere balans kat kredi ou yo nan yon kat ki ofri enterè ki ba oswa pa gen enterè pou yon peryòd.

5. Chèche Sipò

  • Konsèy finansye: Konsidere kontakte yon konsiltan finansye oswa yon òganizasyon ki ofri sèvis konsèy sou dèt.
  • Soutyen fanmi ak zanmi: Pale ak moun ou fè konfyans sou sitiyasyon ou pou jwenn sipò moral.

6. Pran Disiplin

  • Evite nouvo dèt: Fè efò pou pa pran nouvo dèt pandan w ap peye sa ou deja genyen.
  • Revize bidjè ou regilyèman: Tcheke bidjè ou chak mwa pou asire w ap rete sou wout la.

7. Fè Chanjman Nan Mwayen Ou Jere Finans

  • Adopte nouvo abitid: Peye tèt ou an premye pa mete lajan sou yon kont ekonomi anvan ou peye lòt depans.
  • Sèvi ak aplikasyon pou jesyon finans: Itilize teknoloji pou ede ou swiv depans ou yo ak bidjè ou.

8. Swiv Pwogrè Ou

  • Tcheke pwogrè regilyèman: Gade konbyen dèt ou redui sou tan pou motive tèt ou.
  • Kreye objektif: Fikse objektif kout ak long tèm pou kenbe tèt ou motive.

Konklizyon

Retire tèt ou nan dèt se yon vwayaj ki mande tan ak efò, men ak yon plan ki solid ak disiplin, ou ka reyalize objektif finansye ou yo. Pran premye pa a jodi a, e ou pral nan bon wout pou jwenn libète finansye!

]]>
26